RECHERCHE SUR LE SITE

Références
bibliographiques
avec le catalogue


En plein texte
avec Google

Recherche avancée
 

Tous les ouvrages
numérisés de cette
bibliothèque sont
disponibles en trois
formats de fichiers :
Word (.doc),
PDF et RTF

Pour une liste
complète des auteurs
de la bibliothèque,
en fichier Excel,
cliquer ici.
 

Collection « Les sciences sociales contemporaines »

Une édition électronique réalisée à partir du texte inédit de Judite BLANC, E SI SIKOLOJI KOGNITIF KA DEMANTI LEJANN KE KREYÒL PA LANG. LASYANS ? Texte inédit, Port-au-Prince, mars 2016, 12 pp. [Texte diffusé dans Les Classiques des sciences sociales avec l'autorisation de l'auteure accordée le 4 mars 2016.]

E SI SIKOLOJI KOGNITIF KA DEMANTI LEJANN
KE KREYÒL PA LANG

LASYANS ?

Judite BLANC,

Doktè nan Sikoloji
Anseyan nan Inivèsite Leta d Ayiti
Konsiltan nan Etid ak Rechèch
Sikotwomatis ak Afrikanite- SITWOMAFRIKA

http://www.sitwomafrika.org

juditeblanc@sitwomafrika.org; juditeblanc@yahoo.fr



Latranblad nan bouch, nan men, fot gramè, koze k ap soti san kontwòl ak resitasyon pa kè san konprann : sa se yon bann sentòm ke nou abitye remake kay timoun, jèn, ak gramoun k ap pran lapawòl nan lang franse devan etranje, devan piblik ann Ayiti. Se menm bagay la m sot viv ak etidyan inivèsite  k ap fè ekspoze an franse nan yon kou Sikoloji Kognitif (« Psychologie Cognitive ») nan Pòtoprens.

 « Bon kalte edikasyon, lang ansèyman yo ak benefis aprantisaj yo » [1] : sete sou tèm sa yo sot selebre jounen entènasyonal Lang Manman jou ki te 21 fevriye 2016 la.

Nan okazyon sa a, nan atik sa a nou pral brase lide sou twa (3) pwen enpòtan sa yo : (i) ki sa disiplin sikoloji kognitif ye ; (ii) wòl li pami disiplin yo rele sikoloji, syans langaj, syans didaktik ak enfòmasyon; (iii) epi de ki sa espesyalman li okipe. N ap tou sèvi ak yon senp eksperimantasyon kote teyori marye ak pratik nan kou sikoloji kognitif. N ap tou esplike ki jan branch sa a ka reponn moun ki rete kwè, san yo pa gen prèv syantifik, ke lang kreyòl, ki se lang matènèl tout ayisyen k ap viv sou tè d Ayiti, pa mache ak lasyans.

Ki sa ki Sikoloji Kognitif ?

Sikoloji kognitif se yon branch sikoloji k ap chache konprann epi eksplike ki jan moun panse ak reflechi, epi kòman entèlijans moun devlope.  Sikoloji kognitif enterese l ak sous epi itilite tout enfòmasyon nou resevwa nan alantou nou. Kon sa nou kapab defini kognisyon (Cognition) tankou tout aktivite mantal ki pèmèt nou ranmase, chapante, epi pwodui konesans sou anviwonnman an : pèsepsyon yon amòs (estimilasyon : bagay ki deklanche yon reyaksyon nan kò w oswa nan lespri w), fason nou sonje l, rezoud pwoblèm oswa fason nou pran dezisyon (Neves, 1999).

Men kòman Sikoloji Kognitif bay sou de chèz chak etap pwosesis mantal nou pral site la yo. Nou jwen pèsepsyon ki se yon dividal fenomèn fizik ak sikolojik ki fè w rive jwenn epi travay ak enfòmasyon lantouraj ou voye ba w. Gen atansyon  ki se lè w rive kite lespri w konsantre nèt sou yon bagay. Epi memwa  se yon aktivite biyolojik, sikolojik ki pèmèt ou kenbe nan tèt ou bagay ki pase nan lespri w ak nan lantouraj ou. Langaj menm se yon espesyalite inivèsèl kay moun ki pèmèt ou itilize « siy » pou esprime panse w e kominike ak lòt yo ; siy sa yo se ka pawòl ki pale ak bouch oswa lòt siy tankou lè moun ki bèbè sèvi ak men yo pou youn kominike ak lòt. Apre sa, ou jwenn aprantisaj  ki se  esperyans ki pèmèt ou ranmase konesans epi chanje konpòtman w. Nou jwenn tou rezolisyon pwoblèm ki konsène kapasite pou rekonèt pwoblèm epi jwenn bout yo. Aktivite lespri sa yo, youn depann de lòt pou yo ka rive bay rezilta.

An n gade pou n wè sa espesyalis branch sa yo dekouvri, depi lontan, sou relasyon ki egziste ant lang ak devlopman kognitif. Epi ki sa yo di sou sitiyasyon timoun ak granmoun k ap reflechi nan lang ki pa lang manman yo.

Lang ak devlopman kognitif (panse)

Depi lè syantifik tankou Jean Piaget yo nan peyi Lasuis te fèk kòmanse fouye zo nan kalalou pou konprann kòman panse timoun fonksyone, yo te remake ke, lè lang yon timoun ap devlope, se kon sa tou lespri timoun lan tou pwofite deplòtònen epi l ap pran vitès (Piaget, 1966). Pou yon gwo sikològ nan peyi Risi ki te rele Lev Vygotsky (1896-1934), li wè lang vini an premye nan koze lespri k ap devlope. Travay msye te chita anpil sou kesyon aprantisaj ak fonksyon lang. Pou li, lang sèvi kòm pon ant yon moun ak lantouraj li. Nan ka sa a, bagay ki antre nan lespri moun l an vin tounen fondasyon pou li bati tèt li.

Sikoloji kognitif sou zafè lang nan
pwodiksyon entèlèktyèl


Pou sikològ kognitivis yo, se pa sèlman nivo konesans moun lan gen deja ki enpòtan lè n ap reflechi sou pwosesis mantal ki rele aprantisaj la. Gen sosyete a ak lakilti li, epi lang pou n gade tou ki jwe gwo wòl (Ekouma, 2006).

Pa egzanp, gen syantifik ewopeyen ki pa anglofòn natif natal,  k ap plede denonse ak tout fòs yo egzijans ke y ap fè yo pou yo fè prezantasyon epi pibliye travay yo ann angle. Kramer (2013) toujou twouve ke se yon katastwòf lè yon inivèsitè oblije al pran lapawòl devan yon piblik nan yon lang ki pa lang matènèl li. Li remake ke itilizasyon lang angle a nan sitiyasyon sa yo anpeche pou bon jan deba rive fèt. Pou Kramer, ki sèvi ak konpatriyòt alman li yo kòm egzanp pwoblèm sa a, pi gwo dega a se paske syantifik sa yo pa reyalize avantaj bab e moustach ke yo jwenn lè y ap sèvi ak lang matènèl yo pou yo fè deba olye pou yo sèvi ak lang angle a. Sèvi ak yon lang matènèl ki elastik,  ki swa, ke w ka adapte epi ki inovan, se van w ap mete nan vwal rechèch syantifik pou l ka vanse. Otè a raple nou ke se pa yon aza ke dekouvèt syantifik rete yon sèl kou tonbe layite kò l apre larenesans sou kontinan ewopeyen an. Sè ke se lè sa a yo te deside abandone lang laten kòm lang save. Galileo t ap reflechi ann Italyen, Kepler ak Leibniz  t ap fè sa ann Alman,  epi Newton siman te fè l ann angle. Se sèlman rezilta refleksyon yo yo te rive pibliye an Laten yo menm pèsonèlman.

Kounye a si syantifik nan peyi devlope kote lekòl ak inivèsite fèt nan lang manman yo ap plenyen de difikilte sa yo, paske yo fè yo egzijans travay nan lang angle, alewè pou timoun, adolesan, granmoun, etidyan ak inivèsitè lakay nou k ap viv nan nan ensekirite lengwistik ?

Selon Konstitisyon 1987 la nan atik 5 ak 40, Ayiti se ofisyèlman yon peyi bileng. Men, n ap raple ke anpil otè ak espesyalis nan lengwistik pa konsidere Ayiti ak anpil ansyen koloni Lafrans kòm peyi bileng. Rezon an se paske de (2) lang yo pa fonksyone menm jan nan sosyete a. Majorite popilasyon an, depi yo louvri bouch yo, natirèlman se kreyòl yo pale nan tout konvèsasyon yo. Men, franse toujou rete lang pou lekòl ak administrasyon. Se yon lang ki mache ak pouvwa ansanm ak anpil lòt privilèj sosyoekonomik.

Eske lespri  se pa anba baboukèt yo ye nan
sistèm edikatif ak ansèyman siperyè ann Ayiti,
olye yo aprann yo libere ?


Nan kòmansman atik sa a, mwen te pale de gwo pwoblèm laperèz kay etidyan k ap pran lapawòl devan m epi devan lòt kòlèg etidyan parèy yo. Se pwoblèm ki te fè m deside aji. Yon anseyan la pou l ede yon apranti k ap konstwi konesans li. Men, sikològ la, wòl li se pou ede soulaje soufrans kay moun. Tou lè de se metye m.

Apre yon premye gwoup fin fè prezantasyon,  m pa t santi m sot swiv yon ekspoze. Se te yon katastwòf. Se tankou m pa t wè sou ki baz m pral kapab evalye travay yo.

M tou anonse etidyan yo ke fòk yo chwazi yon lang yo metrize pou yo pran lapawòl.  Mwen te espere  ke dezyèm gwoup la pral pi alèz pou yo prezante nan lang matènèl yo.

Dezyèm gwoup vini ak menm kout baton an : paske kontni an te an franse, yo deside prezante an franse, menm si se te nan gwo soufrans. Lidè a rete kanpe an plas malgre m envite l chita pou janm m te wè l ap sekwe de pye l ansanm nan tout sans, epi dis min mare nan fwon l lè l ap gade asistans lan. Mwen te gen pityè pou jèn sa yo.

Difikilte sa yo te tèlman enkyete m, mwen te deside pou m diskite de sa ak yon ansyen pwofèsè m nan Inivèsite Leta d Ayiti, ki te deside depi plis ke diz an pou l fè kou Antwopoloji Kiltirèl li an kreyòl sèlman. Mwen te sonje ke se te youn nan pi bèl eksperyans mwen nan fòmasyon m ann Ayiti, paske m te gen chans fè sentèz kontni syantifik an kreyòl alekri. Nan kòmansman, sa pa t trè fasil paske se te premye fwa m t ap fè devwa alekri an kreyòl. Men, se te youn pami yon ti ponyen kou kote mwen te rive konprann plis konsèp, epi ki enfliyanse fason m wè lemond jis jounen jodi a.

Epi se kon sa nou vin deside pou  n enpoze kreyòl kòm lang travay pou etidyan sa yo ki preske ap fè kriz pandan y ap fè ekspoze yo an franse. Paske selon eksperyans  ansyen pwofèsè m lan, lè w bay yon ayisyen chwa ant kreyòl oswa franse kòm lang travay nan sal klas, se bloke w plis bloke l. Paske nou tèlman konplekse ak zafè sa a, n ap toujou wont chwazi kreyòl, paske si nou chwazi kreyòl se kòm si nou tou di nou pa konn pale franse, ki reprezante lang moun save nan peyi nou.

Alòs, nan kòmansman dezyèm seyans ekspoze yo, m envite etidyan kou Sikoloji Kognitif  mwen yo, pou yo prezante travay yo an kreyòl. Men, kòm mwen konnen remèt rapò ekri a nan lang matènèl yo pral yon nouvo egzèsis, mwen ba yo chwa ant franse ak kreyòl, epi m ajoute kòm rekonpans yon bonis 10 pwen pou moun ki chwazi kreyòl pou ekri travay la.

Bon, desizyon sa a te kreye yon pakèt pale anpil nan mitan etidyan yo. Youn nan gwoup ki t ap gen pou fè ekspoze an dènye yo, yo menm di ke m pa t gen dwa pran yon desizyon gwo ponyèt kon sa. Yo di ke desizyon an gen fòs kote. Yo di ke mwen pa ka mande yo ekri an kreyòl pou bonis alòs ke dokiman sa yo ke yo pral konsilte yo, se an franse ke yo ekri. Epi tou, yo di ke li difisil pou tradui mo teknik an kreyòl paske pa gen dokiman syantifik nan disiplin sa a ki pibliye nan lang sa a. Poutan m te byen di yo ke yo ka chwazi fè travay la an franse ; men, yo p ap gen pwen bonis pou li si li an franse.

Enbyen, se tankou gen yon mirak ki te fèt nan kou sa a. Dapre obsèvasyon mwen ak menm etidyan yo, nou remake ke tout lòt gwoup ki vin fè ekspoze apre mwen te fè pwopozisyon sa a, yo pale kòm si yo pi byen metrize nosyon y ap prezante a. Yo rive fè alevini ant papye prezantasyon an epi piblik la byen fasil san pete kouri. Pa t gen siy latranblad kay prezantatè yo, epi zafè fot gramè ak bouch sirèt vole gagè epi etidyan yo rive tradui tout mo teknik sa yo ke yo te aprann an franse.

Men, sou sis (6) gwoup (28 etidyan) sa yo, te genyen kanmenm de gwoup (8 etidyan) ki te deside ekri rapò yo an franse olye pou yo fè sa an kreyòl malgre bonis. E nou te remake ke gwoup ki te pi djanm ni nan prezantasyon aloral ni nan rapò alekri a, se te sa yo ki te travay sèlman an kreyòl. Men, rapò sa yo te gen fay nan òtograf. Kanta de (2) gwoup ki remèt rapò an franse yo, malgre tout fot gramè ke n te tande lè yo t ap fè prezantasyon an franse, rapò an franse yo preske pa t gen pwoblèm ni nan gramè, ni nan òtograf.

Esperimantasyon sa a ban mwen anpil espwa ak anpil entèwogasyon pou mwen kòm ayisyèn ki fòme nan sistèm lekòl ak inivèsite ann Ayiti, epi ki te al fin kontinye etid mwen an Frans kote tout bagay fèt an franse. Epi tou antan ke anseyan nan inivèsite ann Ayiti. Anfen, kòm pwofesyonèl nan klinik sante mantal e k ap fè rechèch sou sa tou.

Si se vre lang kreyòl pa ka sèvi pou lasyans, ki sa ki esplike jan etidyan m yo avè m rive itilize lang sa a aloral e alekri epi youn konprann lòt ? Gen moun ki pral reponn se paske nou konn domenn lan deja an franse. Kidonk yo ka di ke nou pa t pale bon kreyòl, men yon kreyòl fransize. Fòk mwen raple nou ke yon lang se lespri nou ki kreye li pou n ka kominike. Kidonk li pa t kale tèt li pou kont li sou latè, se evolye li evolye. Kapasite pou panse nou byen devlope epi pou n ka kreye tout bon, sa depann anpil de metriz lang n ap reflechi ladan an (Kramer, 2013). Nou konnen ke filozòf Grèk ak Alman ke n ap etidye nan lekòl ak inivèsite Ayiti yo,  te konn ap fè filozofi nan lang grèk, laten ak alman. E poutan, moun  rive tradwi travay sa yo an franse, ann angle, elatriye.

Alòs,  pou ki sa nou menm ann Ayiti, nou pa ta dwe aprann reflechi epi ekri an kreyòl?  Èske nou pa ka sèvi ak resous lang kreyòl la pou nou kreye yon vokabilè syantifik ki djanm ? Epi tou, nou pa ta ka toujou sèvi ak tèminoloji syantifik ki deja egziste nan lòt lang pou n anrichi dimansyon syantifik lang kreyòl la ? Eske pale kreyòl vle di san mank fòk pa gen varyasyon selon espesyalite moun k ap pale l yo, sitiyasyon an, orijin sosyal, jewografik yo, elatriye ? Èske kalite franse oswa angle yon gwoup syantifik ap pale antre yo se menm kalite lang ak sa yon gwoup frankofòn oswa anglofòn ap pale nan lavi l tou lè jou ?

Lòt entèwogasyon nou te genyen ankò, se ki rezon k fè menm lè elèv ak etidyan ayisyen nou yo mèt ap fè pakèt fot nan pale franse, lè y ap ekri devwa kote yo pou kont yo, anpil fwa tout fot vole gagè ? Sa mande pou n ta konfime l nan yon etid kantitatif.

Premye ipotèz la, gen dwa se tout bon etidyan sa yo pi maton nan gramè alekri (Govain 2009), petèt paske yo gen plis tan pou yo fè alevini sou sa y ap ekri a, epi korije l.

Men, gen yon dezyèm ipotèz ki ka gen plis sans: se zafè konsekans fòse timoun bat pa kè nan lekòl nou yo depi premye ane fondamantal. Se tankou aprantisaj nan chache rezoud pwoblèm oswa nan kenbe leson sou baz rezònman preske pa egziste nan sistèm lekòl nou yo. Kidonk, yon elèv oswa etidyan ayisyen ki abitye etidye pa kè nan yon lang ki pa lang li, si w pa mande l pou l aprann rezime tèks li fin li a nan mo pa l, li souvan pi alèz pou l rekopye tèks otè a mo pou mo. Paske, pli souvan, yo pa t montre l fè lòt jan ke bay mo pou mo. Men,  sitou paske y ap fòse l reflechi nan yon lang ki pa lang manman l, yon lang ke l dekouvri nan liv, ke l konn pale yon lè kon sa. Lè kon sa, atitid sa a kontinye ata nan karyè pwofesyonèl li, e l vin ap fè fas kare ak zafè etik pwofesyonèl lè l ap ekri dè pawòl ke li pran mo pou mo nan lòt tèks ki pa tèks li. Pafwa sa menm sanble parès entèlektyèl.

Konklizyon

Pou nou konkli, n ap raple ke depi lè disiplin sikoloji kognitif nan syans sikoloji te tikatkat, chèchè  yo te gentan konprann wòl li. Espesyalis sèvi ak li pou konprann ki sa entèlijans ye ; kòman sistèm panse nou fonksyone ; e ki jan yo kapab fè lespri bay bon randman nan  fonksyònman li. Sikoloji kognitif deja fè prèv li lòtbò dlo paske li rive :

1) pèmèt yo mete sou pye pwogram pedagojik ki baze sou konesans ak kapasite moun lan selon jan l devlope ;

2) kreye zouti pou ede moun k ap aprann nan pwogram fòmasyon oswa moun ki retounen sou ban lekòl pou yo pran fòmasyon pwofesyonèl ;

3) bay zouti pou ede  nou envante nouvo bagay, fè dyagnostik yon pwoblèm pou n ka pran desizyon (Neves, 1999).

Bon ak move konsekans bilengwis ak diglosi sou fason nou panse, sa atire atansyon chèchè yo anpil tou (Ekouma, 2006). Men bilengwis ak diglosi, se de bagay diferan. Selon rechèch ki fèt sou bilengwis, anpil chèchè panse ke sa sèlman gen bon konsekans sou devlòpman kognitif timoun yo. Men pa bò isit Ayiti ki sa n remake : se pa yon kesyon bilengwis.  Se yon pwoblèm kote y ap anseye timoun yo an franse kòm si yo bileng (franse-kreyòl) alòske ke se yon grenn lang (kreyòl) ke yo pale tout bon. Anpil nan rezon y ap dekri pou yo pa konsakre lang kreyòl kòm premye lang nan ansèyman Ayiti chita sou prejije. Pyès moun po ko pote prèv syantifik vre. Sa pa gen lontan, yon konfrè ayisyen sot ekri tèz doktora l nan sikoloji kognitif sou pwoblematik sa a. Li fè rechèch sou elèv twazyèm sik ki soti nan milye defavorize e k ap viv nan ensekirite lengwistik. Lè timoun sa yo fin li yon tèks an franse (L2), epi, apre sa, yo reli oswa retande menm tèks sa a an kreyòl (L1), timoun sa yo rive aktive konesans yo te konstwi nan lang yo ak kilti ayisyen an pi byen. Yo rive sonje lide ki pi enpòtan nan tèks la, kidonk yo konprann tèks la fasil (Duvelson, 2011).

Alòs lè n baze n sou tout konsta nou sot site la yo, n ap poze tèt nou kesyon. Eske sikoloji koyitif ki nan baz pwogram fòmasyon sikològ, espesyalis nan langaj, nan didaktik ak enfòmasyon pa genyen yon gwo wòl pou l jwe nan pwojè refòm sistèm edikatif ak ansèyman siperyè nou an ? Rezilta rechèch (Duvelson, 2011 ; Govain, 2009) ak eksperyans [2] ayisyen sou plas kreyòl nan aprantisaj ak ansèyman gen dwa pa anpil; men, yo disponib. Gen rechèch ki montre aklè ke timoun ayisyen (Degraff, 2015), menm jan pou timoun aletranje (Benson et al. 2013) rive li pi byen lè yo aprann li nan lang matènèl yo. Nan ka sa, ki sa moun k ap deside yo ap rete tann pou bay yo bourad pou gen plis rechèch sou sa toujou, epi pou yo mete rezilta sa yo an pratik ?

Remèsiman: Nou di yon gwo mèsi a Pwofèsè Michel Degraff ak Serge Madhere ki te pran tan reli tèks sa pou nou.

Referans yo

1. Benson, C., & Kosonen, K. (Eds.) (2013). Language issues in comparative éducation : Inclusive teaching and learning in non-dominant languages and cultures. Rotterdam: Sense Publishers.

2. Constitution Haitienne de 1987. URL. En ligne. Consulté le 8 mars 2016.

3.  DeGraff, Michel (2015). Kreyòl-Based and Technology-Enhanced Learning of Reading, Writing, Math, and Science In Haiti: Project outcomes report. National Science Foundation. URL. En ligne. Consulté le 8 mars 2016.

4. Duvelson, E. (2011). Étude des effets de la relecture sur la compréhension de textes explicatifs par des enfants de cycle 3 dans le contexte diglossique d’Haïti. Conception et validation d’aides et de remédiations aux difficultés de compréhension. Thèse de Doctorat. Université Paris 8.

5.  Ekouma, C.M. (2006). Rôle des facteurs de variabilité culturelle et linguistique dans la compréhension et le rappel de textes en langue seconde.
vers une didactique cognitive des aides à la  compréhension en milieu diglossique. Thèse de doctorat. Université Paris 8.

6.  Govain, R. (2009).  Plurilinguisme, pratique du français et appropriation de connaissances en contexte universitaire en Haïti. These de doctorat. Paris 8.

7. Krämer, W. « La langue maternelle, moteur de la créativité de la pensée », Trivium [En ligne], 15 | 2013, Dossier, mis en ligne le 09 décembre 2013, consulté le 15 janvier 2016. URL : http://trivium.revues.org/4682

8. Neves, R.D.S (1999). Psychologie Cognitive. Armand Collin. Paris.

9. Piaget, J. (1966). La psychologie de l’enfant. PUF. Paris.

10. Styles, A. E.,  (2015). Attention, Perception and Memory, An integrated introduction. Oxford Brooks University. U.K.



Retour au texte de l'auteur: Jean-Marc Fontan, sociologue, UQAM Dernière mise à jour de cette page le mardi 8 mars 2016 20:32
Par Jean-Marie Tremblay, sociologue
professeur associé, Université du Québec à Chicoutimi.
 
Commanditaires




Saguenay - Lac-Saint-Jean, Québec
La vie des Classiques des sciences sociales
dans Facebook.
Membre Crossref